Se connecter

goodpods headphones icon

Pour accéder à toutes nos fonctionnalités

Ouvrez l’application Goodpods
Close icon
headphones
Ti Chèz Ba The Podcast

Ti Chèz Ba The Podcast

Miss Soy Bamby Rocky Nanourz Vee

Yon pòdkas ki dekri eksperyans jèn ayisyen k ap evolye nan yon kontèks sosyal souvan twò konsèvatè. Yon konvèsasyon ant zanmi ki adrese tout sijè!
Share icon

Tous les épisodes

Meilleurs épisodes

Top 10 des épisodes de Ti Chèz Ba The Podcast

Goodpods a dressé une liste des 10 meilleurs épisodes de Ti Chèz Ba The Podcast, classés en fonction du nombre d'écoutes et de likes que chaque épisode a recueillis auprès de nos auditeurs. Si vous écoutez Ti Chèz Ba The Podcast pour la première fois, il n'y a pas de meilleur endroit pour commencer que l'un de ces épisodes exceptionnels. Si vous êtes fan de l'émission, votez pour votre épisode de Ti Chèz Ba The Podcast préféré en ajoutant vos commentaires sur la page de l'épisode.

Ti Chèz Ba The Podcast - Bonus Episode - Q & A

Bonus Episode - Q & A

Ti Chèz Ba The Podcast

play

12/10/19 • 35 min

Pou klotire premye sezon an, Abèy yo te chwazi fè yon epizòd espesyal pou reponn a kesyon yo konn resevwa sou rezo sosyo yo.
Yo te pwofite tou pou fè yon ti pale sou eksperyans yo ak pòdkas la, sou ki santiman yo genyen nan fen premye sezon an epi ki atant yo ta genyen pou yon nouvo sezon.
Epizòd sa dedye espesyalman a tout oditè yo ki pataje ti moman konvèsasyon ak Abèy yo chak kenz jou. Li dedye tou a tout envite yo ki te pataje lide ak eksperyans yo sou sijè nou chwazi.
Yon gwo kout chapo bay Coky ki fè editaj ak montaj epi bay Cedric ki anrejistre epizòd yo.
Mèsi sitou pou tout fidbak nou pataje, mesi pou tout mo ak mesaj yo. Rete branche lane pwochèn pou yon lot sezon Ti Chèz Ba The Podcast

bookmark
plus icon
share episode
Ti Chèz Ba The Podcast - Episode 1 - Les Abèy

Episode 1 - Les Abèy

Ti Chèz Ba The Podcast

play

05/29/19 • 58 min

Premye epizòd sa te yon okazyon pou nou prezante tèt nou bay piblik la, bay tout moun chans aprann konnen kiyès nou chak ye, kijan nou fè vinn byen ak kisa ki te fè nou vinn ak lide pou nou fè pòdkas la.
Nou adrese tou kèk prejije ki genyen kont jèn fi nan sosyete nou, kijan nou adrese prejije sa yo epitou kijan nou viv avèk ou san yo.
Mèsi ak tout sila yo ki te sipòte insyativ pòdkas nou!
Keep it buzzin'!

bookmark
plus icon
share episode
Ti Chèz Ba The Podcast - S 02 Episode 8 - Eksperyans pa nou

S 02 Episode 8 - Eksperyans pa nou

Ti Chèz Ba The Podcast

play

09/22/20 • 62 min

Apre yon ti tan Abèy yo tounen !
Yo te oblije pran yon poz nan koze anrejistreman pòdkas la poutèt pandemi coronavirus ki te fè ravaj nan monn antye a! Yo tounen ak yon epizòd trè pèsonèl!
Yo te pwofite ba nou ti òpdet sou kijan yo te oblije adapte yo a nouvo reyalite monn nan epi sou kisa sa te chanje nan lavi chak jou yo!
Pi plis toujou, Abèy yo te fè yon rale mennen vini sou eksperyans pa yo ak koze lanmou! Branche pou pataje moman entim sa !

bookmark
plus icon
share episode
Ti Chèz Ba The Podcast - S 02 E 10 - Sexual Harassment

S 02 E 10 - Sexual Harassment

Ti Chèz Ba The Podcast

play

11/04/20 • 54 min

Nan yon nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, Abèy yo te pale sou koze asèlman nan kominote ayisyen an. Yo te fokis an patikilye sou asèlman nan milye travay apre yo te defini tèm nan epi elabore sou kad legal sijè a.
Yo te resevwa Stacy, yon jèn fanm ki te chwazi pataje eksperyans li kote li te sibi dè zak asèlman nan biwo kote li t ap travay. Stacy te eksplike ki jan sa te make l e ki jan li te arive simonte eksperyans sila.
Yon konvèsasyon entim ki depenn pratik ki komen nan sosyete nou a!

bookmark
plus icon
share episode
Ti Chèz Ba The Podcast - S 02 Episode 6 - Abstinence & Faith
play

04/20/20 • 66 min

Nan nouvo epizòd odyo-vizyèl Ti Chèz Ba The Podcast la, Abèy yo te chita ak koup Ann-Sophie ak Jean Luc ki te rakonte nou eksperyans yo ak abstinans anvan maryaj an rapò a lafwa yo.
Koup la te eksplike nou motivasyon yo dèye desizyon abstinans anvan maryaj yo te fè apre yo te deja aktif nan sèks, yo te pataje difikilte ak avantaj yo te rankontre pandan ak apre etap sa nan la vi yo.

bookmark
plus icon
share episode
Ti Chèz Ba The Podcast - S 02 Episode 5 - Voodoo

S 02 Episode 5 - Voodoo

Ti Chèz Ba The Podcast

play

03/31/20 • 63 min

Nan yon lòt epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, Abèy yo te deside abòde sijè Vodou, yon sijè ki tabou anpil nan sosyete nou pou yon pakèt rezon.
Pou ede medam yo sène gwo sijè sa a, yo te chita ak Mambo Sophia Fecu. Li te aksepte pataje moman sa a avèk yo e li te reponn tout kalte kesyon medam yo te genyen sou relijyon vodou. Avè l yo te dekouvri plis sou pratik vodou, sou sa li menm li konsidere ki bon nan vodou, sou move konsepsyon ki genyen sou relijyon a epi sou lavi li kòm yon Manbo k ap viv nan peyi Dayiti!

bookmark
plus icon
share episode
Ti Chèz Ba The Podcast - S 02 Episode 4 - Abortion

S 02 Episode 4 - Abortion

Ti Chèz Ba The Podcast

play

03/15/20 • 64 min

Nan nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, Abèy yo te pale sou koze avòtman.
Yo te chita analize kèk pèsepsyon ak move konsepsyon ki souvan genyen sou sijè avòtman nan sosyete nou an. Yo te pwofite pale tou sou metòd fanm itilize an Ayiti pou fè avòtman epi bwose sou risk kèk ladan yo ka pote.
Pou ede yo kouvri sijè a yo te resevwa Doktè Gianni Decastro ki se yon medsen jeneralis, li se Direktè Ekszekitif nan Profamil ki se yon ONG ki ofri sèvis nan sante seksyèl ak repwodiksyon.
Li te rive mete a klè pou nou anpil nan pwoblèm ki antoure kesyon avòtman nan peyi Dayiti kote lalwa toujou konsidere zak sa a tankou ilegal.

bookmark
plus icon
share episode
Ti Chèz Ba The Podcast - S 02 Episode 3 - Transgenderism

S 02 Episode 3 - Transgenderism

Ti Chèz Ba The Podcast

play

02/27/20 • 64 min

Abèy yo te chita ak Semi ki se yon transjan k ap viv an Ayiti.
Semi te rakonte eksperyans lavi li, kijan li adrese idantite jan li pa rapò ak oryantasyon seksyèl li epi tou kijan sa te ye pou li yon jèn fi nan tèt ki fèt yon ti gason nan kò l sitou an pwovens.
Ansanm yo te de defini tèm transjan e te pwofite adrese obstak moun transjan afwonte chak jou an Ayiti.
Se premye epizòd ki te anrejistre ak videyo tou sa vle di ou ka toujou al gade vèsyon videyo a sou chanèl Youtube Ti Chèz Ba The Podcast!

bookmark
plus icon
share episode
Ti Chèz Ba The Podcast - S 02 Episode 2 - Business

S 02 Episode 2 - Business

Ti Chèz Ba The Podcast

play

02/15/20 • 62 min

Abèy yo te chita pou eksplore kijan biznis nan peyi Dayiti fonksonye sitou pa rapò a konjonkti sosyopolitik peyi a ki souvan pa pèmèt antreprenè yo epanwi nèt. Medam yo te chita ak 2 antreprenè jèn k ap evolye nan kominote nou a.
Pou gen diferan pèspektiv yo te fè apèl a Fito Regnier, Direktè Jeneral Top Tires, yon konpayi ki nan fanmi l depi lontan.
Fito te eksplike tchalenj ki genyen lè w ap entegre yon konpayi ki deja etabli pa fanmi w e ki jan li te rive pote apò pa l epi pote nouvote pou kreye chanjman.
Pou yon lòt pèspektiv toujou, Abèy yo te chita tou ak Giuliano Puzo ki se pwopriyetè Cheveux Gina.
Se yon biznis li te monte pou kò l e ki te pase plizyè etap anvan li te rive sa l ye jodia.
Ansanm yo te eksplore kèk obstak ki genyen pou jèn antreprenè ki vle monte afè pa yo nan yon peyi kote atmosfè a souvan pa ofri anpil opòtinite pou envestisman dirab.

bookmark
plus icon
share episode
Ti Chèz Ba The Podcast - S02 Episode 1 The Help

S02 Episode 1 The Help

Ti Chèz Ba The Podcast

play

02/01/20 • 58 min

Nan premye epizòd sezon 2 a Abèy yo te chita pale sou koze pèsonèl domestik: sèvant, chofè, gason lakou, nani etc...
Ansanm medam yo te eksplore pèsepsyon ki genyen sou metye sa yo epi te pataje opinyon pa yo sou ki jan sosyete a wè e apresye moun ki fè djòb sa yo.
Yo te resevwa Melissah ki te pataje opinyon li ak eksperyans pa l ak pèsonèl domestik. Ansanm yo te abòde plizyè aspè sou koze a tankou: salè, inifòm, benefis e latriye!

bookmark
plus icon
share episode

Afficher plus de meilleurs épisodes

Toggle view more icon

FAQ

Combien d'épisodes Ti Chèz Ba The Podcast a-t-il ?

Ti Chèz Ba The Podcast currently has 21 episodes available.

Quels sujets Ti Chèz Ba The Podcast couvre-t-il ?

The podcast is about Conservative, Society & Culture, Sexuality and Personal Journals.

Quel est l'épisode le plus populaire sur Ti Chèz Ba The Podcast ?

The episode title 'S 02 Episode 6 - Abstinence & Faith' is the most popular.

Quelle est la durée moyenne des épisodes sur Ti Chèz Ba The Podcast ?

The average episode length on Ti Chèz Ba The Podcast is 64 minutes.

À quelle fréquence les épisodes de Ti Chèz Ba The Podcast sont-ils publiés ?

Episodes of Ti Chèz Ba The Podcast are typically released every 17 days, 13 hours.

Quand le premier épisode de Ti Chèz Ba The Podcast a-t-il été diffusé ?

The first episode of Ti Chèz Ba The Podcast was released on May 29, 2019.

Afficher plus de FAQ

Toggle view more icon

Commentaires