
S02 Episode 1 The Help
Contenu explicite
02/01/20 • 58 min
Nan premye epizòd sezon 2 a Abèy yo te chita pale sou koze pèsonèl domestik: sèvant, chofè, gason lakou, nani etc...
Ansanm medam yo te eksplore pèsepsyon ki genyen sou metye sa yo epi te pataje opinyon pa yo sou ki jan sosyete a wè e apresye moun ki fè djòb sa yo.
Yo te resevwa Melissah ki te pataje opinyon li ak eksperyans pa l ak pèsonèl domestik. Ansanm yo te abòde plizyè aspè sou koze a tankou: salè, inifòm, benefis e latriye!
Nan premye epizòd sezon 2 a Abèy yo te chita pale sou koze pèsonèl domestik: sèvant, chofè, gason lakou, nani etc...
Ansanm medam yo te eksplore pèsepsyon ki genyen sou metye sa yo epi te pataje opinyon pa yo sou ki jan sosyete a wè e apresye moun ki fè djòb sa yo.
Yo te resevwa Melissah ki te pataje opinyon li ak eksperyans pa l ak pèsonèl domestik. Ansanm yo te abòde plizyè aspè sou koze a tankou: salè, inifòm, benefis e latriye!
Épisode précédent

Bonus Episode - Q & A
Pou klotire premye sezon an, Abèy yo te chwazi fè yon epizòd espesyal pou reponn a kesyon yo konn resevwa sou rezo sosyo yo.
Yo te pwofite tou pou fè yon ti pale sou eksperyans yo ak pòdkas la, sou ki santiman yo genyen nan fen premye sezon an epi ki atant yo ta genyen pou yon nouvo sezon.
Epizòd sa dedye espesyalman a tout oditè yo ki pataje ti moman konvèsasyon ak Abèy yo chak kenz jou. Li dedye tou a tout envite yo ki te pataje lide ak eksperyans yo sou sijè nou chwazi.
Yon gwo kout chapo bay Coky ki fè editaj ak montaj epi bay Cedric ki anrejistre epizòd yo.
Mèsi sitou pou tout fidbak nou pataje, mesi pou tout mo ak mesaj yo. Rete branche lane pwochèn pou yon lot sezon Ti Chèz Ba The Podcast
Épisode suivant

S 02 Episode 2 - Business
Abèy yo te chita pou eksplore kijan biznis nan peyi Dayiti fonksonye sitou pa rapò a konjonkti sosyopolitik peyi a ki souvan pa pèmèt antreprenè yo epanwi nèt. Medam yo te chita ak 2 antreprenè jèn k ap evolye nan kominote nou a.
Pou gen diferan pèspektiv yo te fè apèl a Fito Regnier, Direktè Jeneral Top Tires, yon konpayi ki nan fanmi l depi lontan.
Fito te eksplike tchalenj ki genyen lè w ap entegre yon konpayi ki deja etabli pa fanmi w e ki jan li te rive pote apò pa l epi pote nouvote pou kreye chanjman.
Pou yon lòt pèspektiv toujou, Abèy yo te chita tou ak Giuliano Puzo ki se pwopriyetè Cheveux Gina.
Se yon biznis li te monte pou kò l e ki te pase plizyè etap anvan li te rive sa l ye jodia.
Ansanm yo te eksplore kèk obstak ki genyen pou jèn antreprenè ki vle monte afè pa yo nan yon peyi kote atmosfè a souvan pa ofri anpil opòtinite pou envestisman dirab.
Si vous aimez cet épisode, vous adorerez
Commentaires de l'épisode
Générer un badge
Obtenez un badge pour votre site web qui renvoie vers ce episode
<a href="https://goodpods.com/podcasts/ti-ch%c3%a8z-ba-the-podcast-49702/s02-episode-1-the-help-2483116"> <img src="https://storage.googleapis.com/goodpods-images-bucket/badges/generic-badge-1.svg" alt="listen to s02 episode 1 the help on goodpods" style="width: 225px" /> </a>
Copier