S 02 Episode 5 - Voodoo
Contenu explicite
03/31/20 • 63 min
Nan yon lòt epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, Abèy yo te deside abòde sijè Vodou, yon sijè ki tabou anpil nan sosyete nou pou yon pakèt rezon.
Pou ede medam yo sène gwo sijè sa a, yo te chita ak Mambo Sophia Fecu. Li te aksepte pataje moman sa a avèk yo e li te reponn tout kalte kesyon medam yo te genyen sou relijyon vodou. Avè l yo te dekouvri plis sou pratik vodou, sou sa li menm li konsidere ki bon nan vodou, sou move konsepsyon ki genyen sou relijyon a epi sou lavi li kòm yon Manbo k ap viv nan peyi Dayiti!

Épisode précédent

S 02 Episode 4 - Abortion
Nan nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, Abèy yo te pale sou koze avòtman.
Yo te chita analize kèk pèsepsyon ak move konsepsyon ki souvan genyen sou sijè avòtman nan sosyete nou an. Yo te pwofite pale tou sou metòd fanm itilize an Ayiti pou fè avòtman epi bwose sou risk kèk ladan yo ka pote.
Pou ede yo kouvri sijè a yo te resevwa Doktè Gianni Decastro ki se yon medsen jeneralis, li se Direktè Ekszekitif nan Profamil ki se yon ONG ki ofri sèvis nan sante seksyèl ak repwodiksyon.
Li te rive mete a klè pou nou anpil nan pwoblèm ki antoure kesyon avòtman nan peyi Dayiti kote lalwa toujou konsidere zak sa a tankou ilegal.
Épisode suivant

S 02 Episode 6 - Abstinence & Faith
Nan nouvo epizòd odyo-vizyèl Ti Chèz Ba The Podcast la, Abèy yo te chita ak koup Ann-Sophie ak Jean Luc ki te rakonte nou eksperyans yo ak abstinans anvan maryaj an rapò a lafwa yo.
Koup la te eksplike nou motivasyon yo dèye desizyon abstinans anvan maryaj yo te fè apre yo te deja aktif nan sèks, yo te pataje difikilte ak avantaj yo te rankontre pandan ak apre etap sa nan la vi yo.
Si vous aimez cet épisode, vous adorerez
Commentaires de l'épisode
Générer un badge
Obtenez un badge pour votre site web qui renvoie vers ce episode
<a href="https://goodpods.com/podcasts/ti-ch%c3%a8z-ba-the-podcast-49702/s-02-episode-5-voodoo-2483054"> <img src="https://storage.googleapis.com/goodpods-images-bucket/badges/generic-badge-1.svg" alt="listen to s 02 episode 5 - voodoo on goodpods" style="width: 225px" /> </a>
Copier