S 02 Episode 4 - Abortion
Contenu explicite
03/15/20 • 64 min
Nan nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, Abèy yo te pale sou koze avòtman.
Yo te chita analize kèk pèsepsyon ak move konsepsyon ki souvan genyen sou sijè avòtman nan sosyete nou an. Yo te pwofite pale tou sou metòd fanm itilize an Ayiti pou fè avòtman epi bwose sou risk kèk ladan yo ka pote.
Pou ede yo kouvri sijè a yo te resevwa Doktè Gianni Decastro ki se yon medsen jeneralis, li se Direktè Ekszekitif nan Profamil ki se yon ONG ki ofri sèvis nan sante seksyèl ak repwodiksyon.
Li te rive mete a klè pou nou anpil nan pwoblèm ki antoure kesyon avòtman nan peyi Dayiti kote lalwa toujou konsidere zak sa a tankou ilegal.

Épisode précédent

S 02 Episode 3 - Transgenderism
Abèy yo te chita ak Semi ki se yon transjan k ap viv an Ayiti.
Semi te rakonte eksperyans lavi li, kijan li adrese idantite jan li pa rapò ak oryantasyon seksyèl li epi tou kijan sa te ye pou li yon jèn fi nan tèt ki fèt yon ti gason nan kò l sitou an pwovens.
Ansanm yo te de defini tèm transjan e te pwofite adrese obstak moun transjan afwonte chak jou an Ayiti.
Se premye epizòd ki te anrejistre ak videyo tou sa vle di ou ka toujou al gade vèsyon videyo a sou chanèl Youtube Ti Chèz Ba The Podcast!
Épisode suivant

S 02 Episode 5 - Voodoo
Nan yon lòt epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, Abèy yo te deside abòde sijè Vodou, yon sijè ki tabou anpil nan sosyete nou pou yon pakèt rezon.
Pou ede medam yo sène gwo sijè sa a, yo te chita ak Mambo Sophia Fecu. Li te aksepte pataje moman sa a avèk yo e li te reponn tout kalte kesyon medam yo te genyen sou relijyon vodou. Avè l yo te dekouvri plis sou pratik vodou, sou sa li menm li konsidere ki bon nan vodou, sou move konsepsyon ki genyen sou relijyon a epi sou lavi li kòm yon Manbo k ap viv nan peyi Dayiti!
Si vous aimez cet épisode, vous adorerez
Commentaires de l'épisode
Générer un badge
Obtenez un badge pour votre site web qui renvoie vers ce episode
<a href="https://goodpods.com/podcasts/ti-ch%c3%a8z-ba-the-podcast-49702/s-02-episode-4-abortion-2483070"> <img src="https://storage.googleapis.com/goodpods-images-bucket/badges/generic-badge-1.svg" alt="listen to s 02 episode 4 - abortion on goodpods" style="width: 225px" /> </a>
Copier