
Youn nan pi gwo Leson Mwen Aprann Pandan Ane 2020 an... Avèk Etzer Louis Charles
12/29/20 • 53 min
Épisode précédent

Okenn echèk pa fatal!
Pou anpil nan nou mwa desanm se mwa pou nou evalye rezolisyon ke nou te pran pou ane sa, gade kiyes ladan yo, nou rive reyalize, kiyès ki pa lwen reyalize ak ki lòt pami yo ou pap gentan reyalize pou rès ane a. Majorite nan nou Toujou gon eksplikasyon pou chak sak rive nan lavi, pou chak desizyon ke nou pran, chak pawòl ak aksyon ke nou poze etc... Pou kèk moun, pa rive reyalize yon rezolisyon kel te pran son echèk, e tout moun pa dijere yon moman echek menm Jan e se pa tout moun tout ki ka rive kenbe tout Bon sans ak Bon konprann li pendan period echek yo e pou ta menm rive fè siksè. Lidè Ki pratike yon modèl lidèship ki santrel sou moun gen ase kapasite poul konprann ke li nòmal siw echwe, paske pa gen okenn echek ki son fatalite! Anpil moun konsidere echek kòm yon fatalite, e son mo ke anpil moun evite prononse Paske pou yo echek pa gen anyen pou wè ak siksè donk yo deside rete lwen mo sa. Kitem diw jodia ke, echek pa yon fatalite, ni chek pa ka anpechew fè siskè lèw trè detèmine, lew konsistans ak lew ouvri pouw resevwa bon jan feedback ki objektif... Piyès moun pata sipoze gon etikek dechwe jus paskel eksperimante echek youn ak plizyè fwa nan aktivite ke lap mennen. Mwen menm, ou menm ak anpil lot moun ankò; a yon moman nan lavi oswa nan aktivite ke nap mennen te eksperimante echek; se vre gen nan nou ki fè eksperyans Lan yon sel fwa e konsa tou gen moun kifèl plizyè fwa deja. E pou anpil nan nou, moman echek yo konn afekte vi pèsonèl oswa profesyonèl nou e mwen pa yon eksepsyon nan reg la. Souvan echek nou yo vini aprè chwa ke nou fè epi desizyon ke nou pran men anpil fwa tou nou echwe se parapò ak risk ke nou pran, e se youn pami anpil lot rezon ki fè kek moun Pè pran risk jus pou yo pa echwe. Refleksyonm nan epizod sa se poum diw ke: siw Pè pran risk sa vle di kew poko prè pouw grandi e siw poko prè pouw grandi sa vle di gon pakèt domèn nan laviw kew pa prè pouw amelyore.... Souvan nou pa deside bay tet nou yon Chans pou nou vin moun ke nou swete ye a jus paske nou Pè echwe or nou panse lap pranw plis tan si rekomanse olye ke nou wè kantite posiblite pouw pi byen fè sa wap fè a siw ta rekomanse. Majorite nan nou celebre epi pran kom modèl anpil lidè, selbrite ak antreprenè ki rive fè gro siksè nan lavi yo ak lavi biznis yo, e pi souvan se siksè a yo prezante nou, yo pa Toujou rezime tout peripesi ke moun sa yo pase avan ke yo rive kote ke yo a jus paske anpil moun toujou vle disosye difiklte ak echek de rezilta ke nou rele siksè a. Mwen vle raplew ke narativ yo change parapò ak epok epi sikonstans yo, sa ki konn rann li trè difisil pou anpil nan nou di tet nou ke mwen pa bezwen pafè poum komanse men pito mwen dwe komanse jodia poum vin pafè demen. Mwen pataje avew 6 aksyon kew ka pratike lew fè fas ak situation echèk. 1- Pran yon tan pouw raple tet ou poukisaw te komanse. Rezon sa ki te fèw chwazi komanse sa wap fe a; Esiw vle kontinye ou pa sipoze pedi koneksyon sa. 2- Pran tan pouw fon yon rezime tout move desizyon kew te pran pandan prosesis la, pa pouw ka jije tet ou ni aksyonw yo men pito pouw sa gon pi Bon konpreyansyon de poukisaw te fè de chwa konsa. Men kitem diw: toujou sonje sa; pa gon moun, pa menm yon sel ; ki rive akonpli gro Bagay sanl pa charye deyel: moman difisil, santiman dekourajman, youn oswa plizyè echek, yon kantite fwa preske endefini kel te oblige rekomanse ak chanje estratejil pandan tout prosesis la... Donk lew ap fè fas ak Moman sa yo nan kous paw la, sonje ke gen moun ki pase etap sa yo deja eki prè pou tandew epi baw konsèy, sonje ke Lew echwe pa vle di kew pap rive fè siksè Nan sa wap fè a men pito son okazyon pouw konprann ak preparew pi byen pou siksè kap gen pou vini an. Les Brown: “Anything is worth doing is worth doing badly. Anything is worth doing right if you know how to do it but otherwise you have to do it badly until you get it right”. Sonje abone ak chanèl nou an pouw ka rete konekte ak nou epi gen tout denye epizod yo.
Épisode suivant

Yon pi bon lane 2021, depann de Aksyon-Chwa Ak Desizyonw yo...
Epizod #22. Pwemye epizod nou pou ane 2021 an e pwemye epizod tou pou sezon 4 la. Nan epizod sa nou remesyew antanke moun ki fè de podcast sa youn nan preferel, moun ki pat sispann pataje epizod nou yo ak yon zanmi, fanmi etc... Ladanl nou ankourajew pran desizyon epi poze aksyon nan bon sans Lan kap pemet ou rive atenn objektif kew sikse pou ane 2021 sa, nou pataje 3 aksyon avew pami anpil lot aksyon wap gen pouw poze pandan tout pwosesis la pouw vini yon pi bon vèsyon de moun kew ye jodia, vini yon pi bon lidè, yon pi bon pwofesyonèl... Nan epizod sa nou baw yon ide de kisa nap pote pou ou pandan sezon 4 la ak lot sezon kap gen pou pibliye pandan tout ane a, e sijè tankou enpotans sante mantal nou genyen, model lidèship ki santrel sou enpotans moun avan tou pou yon pi bon yon pi gwo enpak anndan kominote yo; kalite osinon karaktè sa yo kap edew vin yon pi bon lidè ansanm ak sijè sa yo ki gon enpotans kapital pou yon lot model sitwayen pou yon pi bon sosyete... Nou profite ankouraje tout lidè Ak pwofesyonèl kap fon Travay enpotan anndan kominote yo pou pa neglije fè tande vwa yo paske nou bezwen tande plis pawol itil plis pawol ki sanse eki kapab enfliyense plis moun nan bon sans lan. Epizod sa fet nan lidè pou atire atansyonw sou enpotans poze aksyon genyen pouw sa rive atenn objektif nou yo epi rive wè chanjman sa ke nap pwone a depi anpil ane deja.... Se vre espwa fè Viv m’en Siw bezwen rezilta fow poze aksyon paske poze aksyon se bagay #1 kap mennenw vè rezilta kew swete yo. Sonje kel enpotan pouw toujou pataje epizod yo ak yon zanmi, kite komantè pou di nou saw panse de Travay la, sijè nou trete yo ak sijè kew ta renmen tande plis nan epizod nou yo. Pa ezite voye kesyon pou nou e nap kontan reponn ou nan pwoche epizod la. Pa janm bliye tinrapèl sa, ke siw bezwen nouvo rezilta wap bezwen komanse fè bagay kew potko fè avan! Abone Ak chanèl nou an tout kote moun tande podcast jus tape « Framework Conversations » konsa wap rete konekte Ak nou epi gen enfòmasyon de tout denye epizod nou yo. 😁
Si vous aimez cet épisode, vous adorerez
Commentaires de l'épisode
Générer un badge
Obtenez un badge pour votre site web qui renvoie vers ce episode
<a href="https://goodpods.com/podcasts/framework-conversations-327558/youn-nan-pi-gwo-leson-mwen-aprann-pandan-ane-2020-an-av%c3%a8k-etzer-louis-47776347"> <img src="https://storage.googleapis.com/goodpods-images-bucket/badges/generic-badge-1.svg" alt="listen to youn nan pi gwo leson mwen aprann pandan ane 2020 an... avèk etzer louis charles on goodpods" style="width: 225px" /> </a>
Copier