Se connecter

goodpods headphones icon

Pour accéder à toutes nos fonctionnalités

Ouvrez l’application Goodpods
Close icon
Framework Conversations - 3 Aksyon kap edew rete FOKIS, malgre ou STRESE!

3 Aksyon kap edew rete FOKIS, malgre ou STRESE!

03/15/22 • 19 min

Framework Conversations
Nan epizod #27 la, ansanm avèk sikològ Natacha Desir nou pale sou kisa strès la ye, bagay sa yo ki ka lakoz nou strèse ak kouman nou pakap rive jere moman strès yo, pouw rete fokis epi rive atenn objektif nou yo oswa akonpli rezolisyon ke nou te fikse pou ane sa. Epizòd sa se youn pami anpil lòt nap gen pou nou fè sou Estrès epi enpòtans sante mantal nou si nou vle rete pwodiktif men sitou jwenn relasyon entim sa ak pwòp tèt nou. Sonje nou ka poze kesyon nou yo nan kòmantè yo oswa voye yon mesaj vokal pou nou nap twò kontan reponn nou nan pwòch en epizòd la. Pa bliye abòne ak podcast la sou platfòm ke moun Ka tande podcast pouw ka resevwa tout denye epizòd nou yo. Nou kontan genyenw kòm oditè, siw se youn nan moun kap tande nou depi 2019 fè nou konn sa nan yon kòmantè paske nou ta renmen salyew nan pwochen epizod la men kite yon ti kado pou ou 🤩
plus icon
bookmark
Nan epizod #27 la, ansanm avèk sikològ Natacha Desir nou pale sou kisa strès la ye, bagay sa yo ki ka lakoz nou strèse ak kouman nou pakap rive jere moman strès yo, pouw rete fokis epi rive atenn objektif nou yo oswa akonpli rezolisyon ke nou te fikse pou ane sa. Epizòd sa se youn pami anpil lòt nap gen pou nou fè sou Estrès epi enpòtans sante mantal nou si nou vle rete pwodiktif men sitou jwenn relasyon entim sa ak pwòp tèt nou. Sonje nou ka poze kesyon nou yo nan kòmantè yo oswa voye yon mesaj vokal pou nou nap twò kontan reponn nou nan pwòch en epizòd la. Pa bliye abòne ak podcast la sou platfòm ke moun Ka tande podcast pouw ka resevwa tout denye epizòd nou yo. Nou kontan genyenw kòm oditè, siw se youn nan moun kap tande nou depi 2019 fè nou konn sa nan yon kòmantè paske nou ta renmen salyew nan pwochen epizod la men kite yon ti kado pou ou 🤩

Épisode précédent

undefined - Pa pran ankenn rezolisyon anvanw reponn 3 kesyon sa yo!

Pa pran ankenn rezolisyon anvanw reponn 3 kesyon sa yo!

Pou ane 2022 sa kew jwenn pi bon fòmil kap pèmèt ou reyalize pwojè ou a, men sitou antanke lidè pou ou gon pi bon enpak pozitiv nan lavi sila yo wap dirije yo... Lidèship se enfliyans donk veye sou modèl enfliyans wap degaje nan antouraj ou. Pandan tout ane sa, sonje ke konsistans ansanm ak pèsistans se yo ki pral pwodwi chanjman sa kew ta renmen wè nan ane kap vini yo. Pandan wap réfléchi ak objektif ou yo, sonje ke anpil fwa pwogrè a konn tèlman klè devan jew, sa konn koz ou bliye tout wout kew pase pouw rive kotew ye a, jiskaskew fon ti gade dèyè. Youn nan bon prensip ke mwen swete pataje avèw pouw ane sa parapò ak objektif ou yo, se fè sur kew kapab mezire tout objektif sa yo, siw paka mezire yo, yo pa yon objektif. Se kapab petèt yon bon oswa bèl ide, li ka petèt yon bagay kew ta renmen reyalize, oubyen yon bagay kew swete fè meditasyon sou li. Toutotan, se pa yon bagay kew kapab mezire, yon bagay kew ka kantifye, mete yon dat spesifik sou li epi revizel regilyèman, li poko yon objektif. Pou ane sa, Olye nap mete yon pakèt bèl rezolisyon nan lis nou, anpil fwa ki sèlman baze sou lafwa; paske gen anpil kondisyon ki reyni poun paka reyalize yo vre. Map envitew konsidere ansanm ak mwen 3 kesyon sa yo, ke mwen kwè kap pote yon diferans nan anviwonman travay ou ansanm avèk ekip ou pou nouvo ane sa. 1-Kijan ou ka kontinye envesti nan manm ekip ou yo? 2-Ki Bagay kew te fè oswa metod ke ou te aplike nan fasonw Travay ki fè moun sa yo toujou renmen Travay avèk ou? 3-Kisa moun ke wap sèvi yo te apresye pandan ane ki sot pase a nan modèl lidèchip wap aplike a? Se kesyon sa yo nou eseye gade nan epizod sa epi pataje refleksyon ak eksperyans pèsonèl nou ak ou. Si se pwemye fwa wap koute podcast sa, mwen envitew tape framework Conversations sou tout platfòm ke moun ka tande podcast pouw ka gen aksè ak tout ansyen épisode nou yo epi abonde pouw ka resevwa nouvo épisode nou yo chak fwa yo disponible. Non Pam se Davidson Jules,

Épisode suivant

undefined - Kòman Pouw koupe Fache ak Move ABITID Yo.

Kòman Pouw koupe Fache ak Move ABITID Yo.

Nan epizod sa, nou pale sou kòman ou kapab koupe fache ak move ABITID yo epi pataje 2 aksyon siw aplike kap edew fini ak move abitid sa epi vini moun ke ou vle ye a. “Lespwa pa kapab chanje modèl lidèchip ou. Men abitid ou yo ka chanje modèl lidèchip oswa kalite moun ke ou ye a." James Clear: « Chanje konpòtman pi enpòtan epi lap dire pi lontan lèw pran tan ki nesesè a pouw rive fè chanjman sa, se konsistans kap baw rezilta sa parapò ak tan an». Youn nan Bagay mwen vle atire atansyonw sou li, se move abitid yo ap koutew chè kanmenm. Siw toujou ap viv san rete nan lobedyzns move abitid ou yo, mod konpotman sa pral mennen lavi ak lidèchip wap ekzekite a egzakteman kote ou pat vle rive a. Atansyon, veye byen 5 deklanchè komen sa yo: • Andwa- ou pap manje twòp nan sant espò a, men ou kapab petèt fè sa devan gadmanje a. • Tan - Ou santil nòmal pouw pa mezire tan lè wap repoze, men ou gen tandans jistifye retaw la nan semèn nan ak yon eskiz kew fatige anpil. Wap ka koute lot yo nan epizod la. Pa bliye pataje epizod lan ak yon lot moun.

Commentaires de l'épisode

Générer un badge

Obtenez un badge pour votre site web qui renvoie vers ce episode

Sélectionnez le type et la taille
Open dropdown icon
share badge image

<a href="https://goodpods.com/podcasts/framework-conversations-327558/3-aksyon-kap-edew-rete-fokis-malgre-ou-strese-47776341"> <img src="https://storage.googleapis.com/goodpods-images-bucket/badges/generic-badge-1.svg" alt="listen to 3 aksyon kap edew rete fokis, malgre ou strese! on goodpods" style="width: 225px" /> </a>

Copier